Manje sale podcast  By  cover art

Manje sale podcast

By: Manje Sale podcast
  • Summary

  • Manje sale se yon espas san jijman kote nou pwomèt ou a 100% ke n ap fè w ri, na p fè w fache, n ap fè òni, n ap fè w reflechi...Nou la pou tout moun. Menm si manje sale ouvri a tout moun gen 3 kondisyon pou manje sale: 1- Fè rechèch pa w. Aprè w fin koute yon epizòd, al sou sit nou an kote w ap jwenn tout kalite sous, video, dokiman ke nou itilize pou kreye podcast yo. 2- Manje sale pa yon epas pou timoun. Nou itilize langaj ki vilgè. Se pa nou ki pral louvri lespri tilèzanj yo. 3- Manje sale se yon epas ki santre fanm sitou fanm Ayisyèn. Non pa mwen se Lilith, mwen gen 25 an, mwen konsidere tèt mwen agnostik, mwen kwè nan lasyans e mwen 200% sipòte kominote LGBTQIA a
    Copyright Manje Sale podcast
    Show more Show less
activate_primeday_promo_in_buybox_DT
Episodes
  • Madan papa. Sugar daddy. Gason sa yo k ap bay lajan e fanm sa yo k ap pran lajan. Pou yon mache ekilibre fok of la egal ak demann lan
    Mar 22 2021
    MizIk: POUSYE D-Fi Softrabbits. Poukisa w gen 99 jijman pou fanm k ap pran lajan nan men gason an men 1 grenn sèlman pou gason k ap bay lajan an? E grenn jijman sa se «poukisa se pa mwen»? Poukisa se pa mwen. Admèt li. Ou t ap renmen pou yon gason ap vide lajan sou ou menm jan yo fè modèl yo. Welp anpil moun ta renmen sa. Ou menm tou garson, ou t ap renmen gen lajan, gen chanpay, gen bato pou w ap depanse a. It’s alla about power. Nan yon mond kote gason kreye e pwofite de kapitalis, pran lajan nan men gason se yon aksyon de reparasyon. Nan yon mond kote yo di fanm sispann fe parese al travay, ou rive nan travay patron mande w bouboun, pran lajan nan men gason se jistis. Wi ou ka yon alye, wi ou ka fe sa chanje. Si w se yon gason prete vwa w, kreye opòtinite, sispann asele nou pou travay. Nan epizod sa nou pale de mit “sugar daddy” a. Nou eseye reveye tifi ak tigason ki ta renmen fe sa pita. Paske an reyalite yo vann ou yon rev ke «hey pran ti granmoun ti se granmouun egare» Men se pa sa ditou. Epitou m dezole pou absans mwen. M ta renmen rebrand podcast la, petèt agrandi lodyans lan. menm pa konn kijan. Sinon, m renmen entimite nou. Like anpil. Sonje ekri m, banm feed back envite tet nou. mwen la pou tout moun.
    Show more Show less
    13 mins
  • BOBISTÒ. Kijan 200% Ayisyen patisipe Nan Blanchiman Po.
    Jan 7 2021
    Ou pako janm itilize yon krem sou po w. Ou renmen ti po nwa fen w. Kijan w patisipe nan koze douko sa? Nou tout koupab de kolorism. Nou tout patisipe nan kolorism. Ou menm, mwen menm, gran papa w, gran papa m , chyen ak pinèz sou kabann nou, nou tout se kolorist.
    Show more Show less
    29 mins
  • Konsantman ak yon K
    Dec 23 2020
    Nan epizod sa nou diskite sou konsantman ak limit konsantman. Tout wi pa wi e kijan nou ka konnen si wi a se yon wi toutbon.
    Show more Show less
    22 mins

What listeners say about Manje sale podcast

Average customer ratings

Reviews - Please select the tabs below to change the source of reviews.